Patisipasyon siyifikatif piblik la esansyèl pou travay planifikasyon transpò Boston Region MPO a.
Angajman Piblik la amelyore planifikasyon ak priz desizyon lè li mete an limyè bezwen, priyorite, ak enkyetid kominote a. MPO a ap fè efò pou kreye opòtinite kontinyèl, enklizif, ak ki gen sans pou tout manm kominote a ka patisipe nan pwosesis planifikasyon transpò a, epi pou asire ke desizyon sou planifikasyon ak politik transpò yo pran pa konsèy MPO a — ki gen ladan reprezantan vil, vilaj, ak ajans nan rejyon an — reflete opinyon kominote ki afekte pa desizyon sa yo. Gen anpil fason pou angaje nan travay MPO a epi defann priyorite ak bezwen transpò kominote w lan. Pi bon kote pou kòmanse se konsidere pwoblèm transpò ki pi enpòtan pou ou ak sa ki enterese ou plis. Èske ou vle jwenn finansman pou yon pwojè enfrastrikti nan kominote w lan ? Èske gen defi pou moun k ap mache oswa k ap woule an sekirite sou yon lari tou pre ke ou ta renmen rezoud ? Èske ou gen ide sou fason pou amelyore aksè ak mobilite nan transpò piblik ? Èske ou enterese nan kijan sistèm transpò a ka rezistan kont chanjman klimatik, oswa lòt bagay nou bezwen fè pou planifye pou lavni ?
Gid sa a prezante egzanp diferan pwojè ke Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten (MPO) yo dirije ke ou ka eksplore epi patisipe nan yo. Ou lib pou kontakte anplwaye MPO yo pou diskite sou opòtinite pou patisipasyon. Kolabore avèk MPO yo se yon echanj mityèl: anplwaye yo disponib pou ede w jwenn aksè a done, konekte avèk lòt moun ki gen enterè ak moun k ap pran desizyon nan sektè transpò rejyon an, epi bati patenarya pou sipòte priyorite kominote w la.
Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten Rejyon Boston an (MPO) reyini 97 vil ak vilaj nan lès Massachusetts, ansanm ak ajans leta ak rejyonal ak founisè transpò piblik, pou kreye plan kolaboratif pou adrese bezwen transpò rejyon an. Sa gen ladan l deside kijan pou envesti plizyè santèn milyon dola nan fon federal ak leta chak ane nan pwojè ak etid amelyorasyon transpò lokal yo.

Gouvènman federal la te kreye òganizasyon planifikasyon metwopolitèn (MPO) yo pou amelyore kowòdinasyon an matyè planifikasyon transpò ak priz desizyon, epi pou asire ke desizyon yo reflete bezwen ak priyorite lokal yo. Inisyativ sa a te vini apre, an pati, peryòd konstriksyon otowout masif nan ane 1950 ak 1960 yo, pandan ke yo te itilize fon federal pou konstwi wout ak otowout selon yon apwòch vètikal ki pa t pran an kont konsekans negatif pou kominote yo. Nan rejyon Boston an, tankou nan anpil zòn iben, sa te lakòz otowout yo koupe epi divize kominote yo, deplase rezidan yo, epi kreye baryè pou aksè ak mobilite ki pèsiste jouk jounen jodi a.
MPO Rejyon Boston an angaje nan amelyore aksè ak mobilite an sekirite, ekitab pou tout moun k ap viv, travay, oswa vwayaje nan rejyon an lè li pran desizyon sou planifikasyon, règleman, ak finansman pwojè ki kolaboratif, transparan, epi ki fòme pa kontribisyon piblik la.
Ede fòme vizyon pou lavni transpò nan rejyon Boston an ak planifikasyon n ap fè pou rive la.
Yon pati esansyèl nan travay MPO a se kreye yon plan alontèm ki oryante envestisman plis pase 5 milya dola sou yon peryòd 20 ane. Li fèt lè li egzamine bezwen ak inegalite transpò ki egziste deja yo, fikse yon vizyon ak objektif, epi mezire pwogrè a. Nou konnen gwo pwoblèm rejyon nou an ap fè fas yo, tankou chanjman klimatik, envestisman nan transpò piblik, ak konjesyon trafik, egzije yon refleksyon kowòdone alontèm ak objektif politik epi envestisman sibstansyèl. Ou ka ede MPO a pi byen konprann defi lokal yo ak enpak yo epi ankouraje plan nou yo pou reflete priyorite ou yo pou yon sistèm transpò ki adrese defi rejyon nou an ap fè fas jodi a ak alavni.
bostonregionmpo.mysocialpinpoint.com/lrtp
Ede MPO a priyorize pwojè amelyorasyon transpò lokal yo.
Antanke ajans ki responsab pou repati finansman transpò federal ki alwe pou pwojè nan rejyon an, MPO a dwe egzamine ak anpil atansyon chak ane ki pwojè ki pi byen aliyen ak objektif rejyonal yo epi ki fè yo avanse, tankou sekirite, ekite, ak rezistans klima. Yo pran desizyon sa yo atravè plan envestisman kapital senk ane MPO a, Pwogram Amelyorasyon Transpò a. Patisipasyon piblik la ede MPO a detèmine ki pwojè pou bay priyorite pou finansman chak ane nan plan envestisman kapital la. Ou ka defann priyorite pwojè kominote w la, bay opinyon sou nouvo pwojè yo pwopoze pou finansman, epi kolabore avèk planifikatè ak defansè lokal yo pou kowòdone diskisyon sou konsepsyon ak devlopman pwojè yo.
Ede devlope plan aksyon pou amelyore sekirite transpò epi diminye aksidan grav yo.
MPO a ap travay pou amelyore sekirite epi elimine lanmò ak blesi grav sou wout rejyon nou an nan devlope estrateji, règleman ak amelyorasyon enfrastrikti ki baze sou done atravè yon pwosesis planifikasyon konplè. Patisipasyon ak konsyantizasyon piblik la enpòtan anpil pou travay sa a. Ou ka pataje enkyetid ou yo sou sekirite transpò ak ide pou amelyorasyon, ede MPO a idantifye entèseksyon ak aks ki danjere oswa ki mal fèt, epi ogmante sansibilizasyon nan kominote w la pou estrateji amelyorasyon sekirite wout yo.
Patisipe nan planifikasyon rejyonal, pwojè ak etid sou mòd transpò espesifik ak fason pou konekte yo.
Nan zòn Boston an, moun ak machandiz yo deplase nan plizyè fason diferan. Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten an (MPO) ap travay pou konprann koneksyon ak twou vid ki genyen ant diferan mòd transpò epi eksplore solisyon pou amelyore sekirite ak ekite mobilite ak konektivite atravè enfrastrikti siklis ak pyeton, transpò piblik, machandiz, ak trafik machin. Ou ka pataje ide ak sijesyon ou yo pou amelyore koneksyon ant mòd yo—paregzanp, amelyore aksè ak konfò nan arè bis oswa lyen siklis ak estasyon transpò piblik yo—oswa ede MPO a idantifye twou vid ki genyen nan mobilite nan sistèm transpò a. Ou ka sijere kesyon teknik oswa politik bay MPO a epi aprann plis sou kijan pou sipòte efò koleksyon done nou yo. Nou kapab ede w tou aksede a done epi konekte w ak pwojè rechèch ak fowòm diskisyon ki deja egziste.
bostonmpo.org/active-transportation-planning
MPO Rejyon Boston an sipòte yon fowòm piblik, Konsèy Konsiltatif Kominotè a, pou favorize angajman ak patisipasyon piblik la pandan tout pwosesis planifikasyon an epi gide priz desizyon MPO a. Konsèy Konsiltatif Kominotè a rasanble epi mete an valè divès pèspektiv aktè kle yo ki reprezante zòn ak enterè nan tout rejyon an epi li gen yon plas vòt nan konsèy administrasyon ak komite MPO yo. Misyon Konsèy Konsiltatif Kominotè a se kreye espas pou bati konesans ak diskisyon pwodiktif sou yon pakèt pwoblèm transpò rejyonal, epi pou konseye devlopman pwogram ak pwojè MPO yo pou asire yo reponn a priyorite piblik yo. Manm Konsèy Konsiltatif Kominotè yo eli pou yon manda dezan, renouvlab. Tout moun ka aplike pou rantre nan Konsèy Konsiltatif Kominotè a epi patisipe nan evènman Konsèy Konsiltatif piblik yo.
bostonmpo.org/advisory-council
Laboratwa Planifikasyon Kominotè a se yon pwogram edikatif ki fèt pou devlope konesans ak konpetans moun ak kominote ki soti nan divès pèspektiv, moun ki aktyèlman pa byen reprezante nan pwosesis planifikasyon transpò a oswa ki istorikman te ekskli nan priz desizyon. Laboratwa a pwopoze modil aprantisaj entèraktif ak pratik ki enpòtan pou eksperyans ak enterè patisipan yo, epi li mete aksan sou enpòtans yon pledwaye aktif. Patisipan yo resevwa konpansasyon pou tan ak ekspètiz yo. Pou aprann plis bagay sou Laboratwa Planifikasyon Kominotè a, tanpri kontakte ekip OPM lan.
MPO Rejyon Boston an kontan kolabore avèk ou menm ak òganizasyon w lan. Si w ap òganize yon reyinyon oswa yon evènman, pa ezite envite nou patisipe, koute, epi dyaloge avèk kominote w la. Anplwaye MPO yo te patisipe nan anpil reyinyon ak evènman kominotè, epi yo te kreye yon seri aktivite entèraktif, soti nan jwèt konsepsyon lari rive nan sondaj efemè, ke nou ka pote nan nenpòt evènman an pèsòn oswa vityèl ansanm ak materyèl enfòmasyon pou prezante oswa pataje. Nou toujou enterese pou aprann plis sou priyorite ak bezwen ou yo, epi diskite sou kijan nou ka kolabore pou kreye yon sistèm transpò rejyonal ki reponn a bezwen tout moun ak kominote yo. MPO a kapab tou yon patnè ak yon resous pou òganize evènman ak aktivite nan kominote w la. Si ou gen yon ide angajman ou ta renmen teste oswa yon pwojè transpò ke ou ta renmen fè plis moun patisipe ladan l, MPO a ka ede w elabore plan aketabli kontak, oswa kolabore dirèkteman avèk òganizasyon ki baze nan kominote a sou pwojè lokal yo ak travay angajman. Ou envite tou pou patisipe nan evènman MPO yo. Konsèy MPO a, ki pran desizyon planifikasyon ak politik sou travay MPO a, anjeneral reyini chak de semèn, epi ankouraje manm piblik la pou yo patisipe. Ou kapab tou soumèt kòmantè bay anplwaye MPO yo pou yo pataje nan yon pwochen reyinyon Konsèy Administrasyon an. Tout reyinyon ak evènman MPO Rejyon Boston ki ouvè pou piblik la afiche nan kalandriye reyinyon MPO a. Ajenda ak materyèl reyinyon yo afiche omwen 48 èdtan davans. Anrejistreman ak rezime reyinyon ki sot pase yo disponib nan kalandriye reyinyon an pou referans. Kontakte anplwaye MPO yo si ou gen yon kesyon sou yon evènman ki sot pase oswa k ap vini, oswa yon ide pou yon evènman alavni.
Tout moun envite pou patisipe nan pwosesis planifikasyon transpò MPO a. Si ou bezwen tradiksyon oswa entèpretasyon pou reyinyon oswa evènman an pèsòn, tanpri kontakte nou pa imèl nan publicinfo@ctps.org oswa pa telefòn nan 857.702.3700. Moun ki gen difikilte pou tande oswa pale ka kontakte nou atravè sèvis MassRelay leta a (mass.gov/massrelay). Tanpri fè demann yo omwen senk jou ouvrab anvan dat evènman an, byenke n ap konsidere demann ki fèt nan yon tan pi kout yo, si sa posib.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou dwa sivil, aksè, ak asistans nan lang nan MPO a nan bostonmpo.org/mpo-non-discrimination.